Pèp ayisyen t ap kouri pou lapli, jodi a li kanpe devan larivyè
An 2018, sou epòk Jovenel Moïse, lè yo te mete anviwon 15 goud sou chak galon gaz, pèp la te leve kanpe. Te gen gwo manifestasyon, kawotchou t ap boule, lari te pran dife. Pèp la te di NON, paske li te santi chay la te twòp.
📊 Pri an 2018 : Baril: $74
Gazolin: 224 goud pa galon
Diesel: 179 goud pa galon
Kewozèn: 173 goud pa galon
Men jodi a, reyalite a pi lou toujou:
⛽ Gazolin: anviwon 725 goud pa galon
⛽ Diesel: anviwon 850 goud pa galon
⛽ Kewozèn: anviwon 845 goud pa galon
Malgre ogmantasyon sa yo ki plis pase 3 fwa pri avan yo, nou pa wè menm mobilizasyon an ankò.
Sa fè nou poze kestyon: 👉 Èske pèp la fatige?
👉 Èske li dekouraje?
👉 Oswa èske li vin abitye ak soufrans lan?
Se tankou lè lapli pral tonbe: anvan, tout moun t ap kouri pou chèche abri. Men jodi a, menm lè larivyè ap monte, anpil moun rete ap gade, tankou yo pa gen fòs ankò pou yo kouri.
Reyalite a klè: Lè gaz monte, transpò monte, manje monte… epi se toujou ti pèp la ki sibi konsekans yo.
Refleksyon sa a montre gen yon gwo pwoblèm konsyans ak inite. Paske si 15 goud te ka fè peyi a tranble yè, kijan plis pase 700 goud pa fè menm bagay jodi a?
Petèt li lè pou nou pa sèlman kouri lè lapli ap tonbe, men pou nou chèche konprann kijan pou nou chanje tan an menm.
👉 Abòne epi pataje: GABINFO HAÏTI

Commentaires
Enregistrer un commentaire